Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

 Dernières nouvelles

‘’ MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO VOYE POU YON LÒT DAT DISTRIBISYON MACHIN KI PREVWA POU MERI YO, DISTANS POU TOUT DEMACH LEGAL KI TANMEN POU ACHTE MATERYÈL SA YO RIVE NAN BOUT YO ’’

‘’ MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO VOYE POU YON LÒT DAT DISTRIBISYON MACHIN KI PREVWA POU MERI YO, DISTANS POU TOUT DEMACH LEGAL KI TANMEN POU ACHTE MATERYÈL SA YO RIVE NAN BOUT YO ’’
janvier 25
10:35 2019

Pòtoprens, 23 janvye 2019.- Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, koube l byen ba devan Federasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo, ak Asosiyasyon majistra nan tout depatman peyi a, epi chak gren majistra an patikilye ; deske li pa rive remèt machin ki te dwe al jwenn Meri yo, nan dat 23 janvye 2019 la. Ministè a tou pwofite fè konnen, dosye 140 machin 4X4 doub kabinn pou meri yo, ap fè wout li nan nivo « komisyon nasyonal mache piblik ». Konsa tout demach legal yo ap rapousib, jouk dosye a rive nan bout li byen vit.

Yon lòt bò, Ministè a ap fè konsène yo konnen, se tan nòmal pou dosye a fè chemen l ki kontre ak divès jou kongé nan fèt finisman ane ki sòt pase a, ki lakòz tretman dosye yo vinn pran plis tan. Pandan Ministè a regrèt reta ki pran nan demach yo, li enpòtan pou l fè konnen tou, konpayi ki reponn kondisyon pou vann leta machin yo, deja genyen tout 140 modèl yo disponib nan peyi a, ap tann, pou rive jwenn tout Meri yo.

Pou fini, Ministè Interyè ak kolektivite Teritorial yo, jan Prezidan repiblik la, Ekselans Jovenel MOISE ak Premye minis Me Jean Henry CEANT mande sa, ap kontinye travay pou bay Meri yo plis mwayen, pou yo ka vini pi efikas nan sèvi popilasyon an. Ministè a, ap travay pou pèmèt tout pwojè Prezidan repiblik la, ka p chache pou bay kolektivite yo plis jarèt, rive ateri, pou popilasyon an jwen plis sèvis pi pre lakay li toupatou sou teritwa a, yon mannyè pou pote chanjman ak bon jan desantralisasyon nan peyi a.

FINI.-

Articles Liés

Suivez-nous sur :

Facebook

Calendrier d’événements

avril 2024
D L M M J V S
« Juil    
 123456
78910111213
14151617181920
21222324252627
282930