Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

KOZE MINIS ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO NAN OKAZYON 215ème ANIVÈSÈ DRAPO AYISYEN AN

KOZE MINIS ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO NAN OKAZYON 215ème ANIVÈSÈ DRAPO AYISYEN AN
mai 21
14:43 2018

Koze Minis enteryè

Frè ak sèm yo,

Nan okazyon selebrasyon 215 lane drapo nou an, ki se senbòl kouraj ak sakrifis zansèt nou yo, pou bannou jodia yon nasyon ki lib,

Ma p mande nou, nan non pam kòm Minis Enteryè, men tou, nan non chak grenn responsab nan Ministè a ka p travay pou ou ;  pou yon demen miyò…. Pou nou genyen konfyans nap rive, men nan men, mete peyi nou AYITI, kanpe djanm !

Jodia,  malgre kèk sitiyasyon difisil ak anpil enkonpreyansyon, nou ka di, gras ak enèji ak detèminasyon Prezidan Jovenel MOISE, gras ak dispozisyon Premye Minis Jacques Guy LAFONTANT ak tout rès gouvenman an, nap vanse tipa tipa sou wout la, pou yon ale mye kap mennen nou tèt  dwat sou boulva devlopman an.

Wi, nou gen konfyans nap rive !

Menm jan Prezidan Jovenel MOISE mande pou kolektivite teritoryal yo gen priyorite nan aksyon ak nan program leta a, nou pran angajman pou nou kontinye travay pi rèd, pou nou kontinye vanse san pran souf, pou nou genyen batay la :

* Batay pou dekonsantrasyon ak desantralizasyon an !

*Batay Pou Kontwole fontyè nou yo !

*Batay pou mete plis sèvis pi pre popilasyon an !

*Batay pou zafè pwoteksyon sivil, jesyon ris ak dezas!

*Batay Pou bay sipò nou bay nan fèt chanpèt yo ak nan animasyon katye yo !

Gen plis toujou, ki pèmèt nou la ak ou,  nan bon kou nan move tan ! pou nou ranfὸse, konstwi,  konsolide, akonpaye ak devlope !

Se konsa Jodi a, nan okazyon 215 lane depi Katrinn Flon te koud drapo nou an, apre konkenn chen viktwa Papa Desalin nan tèt lame endijèn nan,  kont esklizyon , kont esklavaj ak pou libète …..

Mwen menm ak tout Responsab ministè a, nap swete nou, nan tout seksyon kominal yo, nan komin yo, arondisman ak depatman yo yon bon ak yon bèl fèt drapo nan solidarite, fyète ak lespwa.

FEN.-

Articles Liés

Suivez-nous sur :

Facebook

Calendrier d’événements

avril 2024
D L M M J V S
« Juil    
 123456
78910111213
14151617181920
21222324252627
282930