Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO KONDANE ZAK VYOLANS NAN MANIFESTASYON 18 NOVANM YO PANDAN LI ANONSE DISPOZISYON POU POPILASYON AN REKÒMANSE TOUT AKTIVITE L

novembre 20
08:07 2018

MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORIYAL YO

NÒT POU LAPRÈS

MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO KONDANE ZAK VYOLANS NAN MANIFESTASYON 18 NOVANM YO PANDAN LI ANONSE DISPOZISYON POU POPILASYON AN REKÒMANSE TOUT AKTIVITE L

Pòtoprens, lendi 19 novanm 2018 lan. Ministè enteryè ak kolektivite teritoriyal yo deplore moun ki viktim nan mouvman manifestasyon ki fèt nan Kapital la ak nan kèk gran vil tankou Kap-Ayisyen, Okay, Senmak ak Miragwann nan okazyon 215 lane selebrasyon Batay Vètyè, jou 18 novann nan. Yon lòt pa, Ministè a denonse epi kondane ak tout fòs li, ajisman entolerab yon seri manifestan nan kad mouvman sa yo, ki pwofite kraze brize epi simen latroublay nan mitan popilasyon an, jou 18 novanm nan ak nan maten 19 novanm 2018 la.

Ministè enteryè ak kolektivite teritoriyal yo konstate tou, se san okenn lawont ni konsyans peyi, reponsab kèk òganizasyon politik ap fè tout kalte pwovokasyon, menas ak chantaj politik, pandan ya p pase anba pye dwa moun ki deside pa manifeste. Se san respè, pou « Konstitisyon peyi a » ak pou « Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik yo », ya p chache kenbe yon popilasyon an otaj, nan mande bloke lari, fè vyolans sou pezib sitwayen, ak vyole dwa moun genyen pou ale nan aktivite yo libe liben. Sitiyasyon sa montre tout moun aklè, mouvman revandikasyon politik sa yo pran yon lòt vitès, kote yo pa respekte lalwa ni okenn prensip demokrasi yo.

Nan sans sa, Ministè a pwofite fè sonje, dapre « Manman Lwa » peyi a, se oganizatè manifestasyon yo ki gen responsabilite sivil ak penal tout dezòd ak enfraksyon ki fèt nan kad mouvman sa yo. Konsa tou, nan lide pou pwoteje enterè peyi a, pandan la p respekte dwa moun ki vle manifeste san vyolans yo, Ministè enteryè ak kolektivite teritoriyal yo deja mande tout Delege depatmantal ak Vis delegue nan awondisman yo, pran dispozisyon nan tèt kole ak fòs lòd yo epi otorite la jistis yo, pou mete la pè nan rejyon yo. Ministè a ki gen misyon garanti sekirite enteryè peyi a ak responsablite kwape enstabilite ki ka genyen move konsekans sou sitiyasyon an, deja tanmen pran ak eli lokal yo dispozisyon ki nesesè pou akonpaye popilasyon an, yon fason pou l ka rive rekòmanse aktivite l san pwoblèm, kelkeswa kote yo ye nan peyi a.

Konsa, Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal yo ap mande popilasyon nan kat kwen peyi a, rete tèt fèt epi veye pou yo pa pran nan manipilasyon politik, ka p chache bay pouvwa lejitim ki nan tèt peyi a pwoblèm. Yon lòt bo, devan estrateji moun sa yo ki se, bay manti, fè fo enfòmasyon mache, fè vyolans pou simen latroublay, Ministè a ap mande popilasyon an mete tèt ansanm, pa pran nan laperèz, pa kite moun vinn simen la twoublay nan katye yo, sa ki ka louvri pòt pou ensekirite pou yo menm ak fanmi yo. Konsa tou, pandan ya p rekòmanse tout aktivite yo, leta ap pran bon jan dispozisyon pou garanti sekirite yo.

FINI.-

Articles Liés

Suivez-nous sur :

Facebook

Calendrier d’événements

avril 2024
D L M M J V S
« Juil    
 123456
78910111213
14151617181920
21222324252627
282930