Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO POTE SENPATI AK SOLIDARITE LI BAY FANMI AK PWÒCH VIKTIM TERIB AKSIDAN KI POTE ALE LAVI PLIS PASE 20 KONPATRIYÒT NOU SOU WOUT NASYONAL NIMEWO 1 AN

MINISTÈ ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TERITORYAL YO POTE SENPATI AK SOLIDARITE LI BAY FANMI AK PWÒCH VIKTIM TERIB AKSIDAN KI POTE ALE LAVI PLIS PASE 20 KONPATRIYÒT NOU SOU WOUT NASYONAL NIMEWO 1 AN
avril 30
12:07 2021
Pòtoprens, jedi 29 avril 2021.- Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo genyen gwo la penn devan kokenn chenn kolizyon machin ki fèt nan zòn Karyès(Carriès), tou pre Monwi (Montrouis), sou wout nasyonal nimewo 1 an, mèkredi 28 avril pase a. Aksidan sa ki pote ale lavi plis pase 20 sè ak frè nou, anpil ladan yo la pou la, blese plizyè lòt grav nan yon kolizyon brital, se yon veritab katastròf.
Ministè a pa gen mo pou li montre doulè li, ki pa anyen devan tranchman vant tout kòd fanmi viktim yo, ki te soti, byen petèt san malad, e ki pa p rive tounen lakay yo ankò. Nan sitiyasyon doulè sa, Minis Louis Gonzague Edner DAY, nan non pa li ak Direktè jeneral Amos ZEPHIRIN, epi tout pèsonèl ministè a, koube li byen ba devan memwa viktim yo, epi pote senpati li ak solidarite li, bay fanmi ak pwòch yo, ki nan lapèn. Li swete tou, moun ki blese yo geri vit, menm lè li pa p fasil pou yo bliye nan move pas yo soti a.
Yon lòt bò, Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo mande Otorite lokal yo ak tout sèvis Sekirite sou wout yo, pi vijilan toujou. Ministè a kwè tou, nou tout dwe fè jefò pou nou vini pi responsab, respekte nou youn lòt, epi reyaprann respekte lavi. Menm lè teknoloji a pèmèt machinn alè kile yo, kouri pi plis kou flonn, nou pa dwe ni chaje yo twòp, ni pote moun nan move kondisyon, ni fè vitès san gade dèyè epi pa respekte règleman sikilasyon yo nan fason na p kondi machinn nou yo, moto nou yo,…elatriye.
« Se yon aksidan ki touche kòd sansib nou tout… nou souke anpil devan sa ki pase a… Menm jan nou gen latroublay devan viktim ensekirite yo nan peyi a, nou genyen anpil kakil tou devan kantite aksidan sou wout yo ki vinn pi plis dènye jou sa yo. Ayiti bezwen tout pitit li yo ! » se deklarasyon Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, Louis Gonzague Edner DAY.
FINI.-
179903843_1973528162794335_4093262000831451752_n 179956187_1973528129461005_5514798416488672997_n

Articles Liés

Suivez-nous sur :

Facebook

Calendrier d’événements

avril 2024
D L M M J V S
« Juil    
 123456
78910111213
14151617181920
21222324252627
282930