An nou pale sou komin nou yo ! #1Par mictedit / 29/01/2019 Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo louvri yon seri konferans pou pale sou reyalite ak aksyon eli lokal yo ap mennen ak konkou ministè a epi leta an jeneral, nan komin nou yo. Se yon okasyon tou, pou pale sou difikilte yo ap travèse ak pwojè yo genyen pou fè demen miyò pou tout sitwayen komin yo. Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo bò kote pa li, kontinye ap travay pou bay komin nou yo plis jarèt , pou devlopman tout bon rive blayi sou tout peyi a. Konsa, jodi a n ap pale sou komin gresye. http://www.mict.gouv.ht/wp-content/uploads/2019/01/MICT-_-gressier-ann-pale-de-kominn-nou-yo-2-whatsapp.mp4