Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

MICT / NÒT PWOTESTASYON

octobre 22
17:28 2018

 

Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo estomake devan imaj videyo ka p sikile ki montre kijan, san diyite, kadav jenn sitoyen ap maltrete epi pote jete nan bak yon kamyon fatra. Ministè a gen anpil kè sote tou, lè li konstate genyen moun ka p simaye imaj sa yo tribòbabò sou tout rezo sosyo, san okenn krentif ni respè pou kadav kò moun yo, ni pou sans lavi moun genyen an jeneral.

Yon lòt bò, Ministè a kondane ak tout fòs li aksyon yon seri moun ak gwoup politik nan sosyete a, ki vle fè imaj sa yo pase, kòmkwadire, se ta ekzaksyon fòs lòd yo ta fè sou yon seri sivil. Ministè ap denonse koken politik sa yo, ki jounen jodi a pa ka rive kache ankò fason laboratwa yo fonksyone, pou simen latroublay, bay enstabilite jarèt nan tout peyi a, epi sou baz move enfòmasyon, bay pezib sitoyen kè tounen ak kolè, yon fason pou yo jwe nan tèt yo. Kalte konplo sa yo, se youn nan yon dividal atak gwoup sa yo ap fè depi kèk tan pou bay pouvwa lejitim ki nan tèt peyi a pwoblèm.

Anfen, pandan limenm ak tout lòt branch nan leta a ki konsène e ki genyen responsablite, pou san pèdi tan, bay bon jan eksplikasyon sou dosye sa, Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo ap mande popilasyon ki nan kat kwen peyi a, rete tèt frèt, nitou pa danse kole epi bloke tout kalte manipilasyon politik.

Fen.-

Pòtoprens, 20 oktòb 2018

Kontak :
Biwo Kominikasyon
Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo
infosmict@gmail.com
(509) 4892 3169

Articles Liés

Suivez-nous sur :

Facebook

Calendrier d’événements

avril 2024
D L M M J V S
« Juil    
 123456
78910111213
14151617181920
21222324252627
282930