Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

Melissa: Sistèm nasyonal k ap jere Risk Dezas yo mete alèt wouj sou depatman Nip, Sid ak Grandans.

octobre 27
16:57 2025

 

 

Pòtoprens, lendi 27 oktob 2025. —  Ouragan MELISSA tounen yon siklòn kategori 5 depi yè swa, ak van k ap soufle jiska 280 kilomèt alè. Fenomèn nan ap deplase dousman, ak yon vitès 6 kilomèt alè nan direksyon nòdwès, epi li kontinye enfliyanse move tan sou peyi a, sitou nan penensil Sid la.

Fenomèn sa ka pote lapli ant 200 ak 400 milimèt, ak gwo risk pou ta gen inondasyon britsoukou, deboulonnay tè ak glisman teren pandan jounen aswèa a ak demen madi a.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Sistèm Nasyonal k ap jere Risk Dezas yo ajiste nivo alèt yo:
• Alèt wouj siklòn pou depatman Sid, Nip ak Grandans
• ⁠Alèt oranj siklòn pou depatman Lwès, Latibonit ak Nòdwès
• ⁠Alèt oranj gwo lapli pou depatman Sidès
Pwoteksyon Sivil mande tout popilasyon an, espesyalman moun k ap viv nan zòn ki plis ekspoze yo, pou yo rete vijilan epi suiv konsiy sekirite yo.
-Finisman-

Articles Liés

Suivez-nous sur :

Facebook

Calendrier d’événements

décembre 2025
D L M M J V S
« Oct    
 123456
78910111213
14151617181920
21222324252627
28293031